1Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la.
19O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo.
Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.
20Pa Egz 15.20; Jij 11.34; 14.3; 16.23,24; 1 Sam 31.9; Mi 1.10 kite nouvèl la rive nan lavil Gad.
Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon,
pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt,
pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.
21Nou 1 Sam 31.1; Eza 21.5 menm mòn Giboa yo,
se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze.
Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo!
Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo,
plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.
22Jonatan 1 Sam 18.4 pat janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l yo.
Sayil pat janm tounen toutotan li pat plonje nepe l nan vant vanyan sòlda lènmi l yo.
23Sayil Jer 4.13; Aba 1.8 ak Jonatan, yonn te renmen lòt!
Toujou ansanm nan lavi,
ansanm ansanm tou nan lanmò!
Pi veyatif pase malfini,
pi vanyan pase lyon.
24Medam Eze 16.11 Izrayèl yo, rele pou Sayil!
Li te konn ban nou bèl rad koulè vyolèt, Bagay ki koute chè,
ak bèl bijou lò, pou mete sou nou.
25Vanyan sòlda yo mouri nan lagè!
Jonatan mouri, Li blayi atè a sou ti mòn yo!
26Mwen 1 Sam 18.1,3 gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen.
Jan mwen te renmen ou sa a!
Jan ou menm ou te renmen m, se pa pale.
Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan
pase renmen okenn fanm ta ka gen pou mwen!
27Vanyan 2 Sam 1.19 sòlda yo mouri!
Tout zam lagè yo pa vo anyen kounyeya!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.