Jòb 25 - 1998 Haitian Creole

Twazyèm koze Bildad ak Jòb

1Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

2— Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l.

Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.

3Ki Jòb 19.12; Sòm 103.21; Mat 5.45; Jak 1.17 moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l?

Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.

4Atò, Jòb 4.17; 14.4; 15.14; Sòm 130.3; 143.2 moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye?

Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?

5Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase.

Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.

6Alewè Sòm 22.6; Eza 41.14 pou moun! Yo tankou vètè!

Kisa yo vo devan Bondye?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help