Ezayi 5 - 1998 Haitian Creole

Parabòl jaden rezen an

1Mwen pral chante yon chante pou Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.

18Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen li dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt lou, n'ap rale yo dèyè nou tankou moun k'ap rale kabwèt!

19Y'ap Eza 66.5; 2 Pyè 3.4 plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.

20Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!

21Madichon Pwo 3.7; Wòm 12.16 pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!

22Madichon Eza 5.11 pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouray! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!

23Men, Egz 23.8 nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k'ap mache dwat yo jwenn jistis.

24Se Eza 1.4; 30.9; Jowèl 2.5 sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pat koute lòd Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.

25Se 2 Wa 22.17; Eza 9.12,17,21; 10.4 sa ki fè tou, Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin ak yo.

26Senyè a Det 28.49; Eza 7.18; 18.3; 49.22 leve drapo l pou l bay siyal la.

L'ap rele yon pèp ki byen lwen.

L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun sòti jouk lòt bò nèt,

nan dènye bout latè.

Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!

27Pa gen yonn ladan yo ki bouke!

Pa gen yonn ladan yo ki fè bitay!

o pa konn sa ki rele kabicha, alewè pou dòmi!

Ren yo toujou mare. Sapat yo toujou mare byen sere nan pye yo.

28Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn.

29Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l ale. Pa gen moun ki pou rache l sòti nan bouch yo!

30Jou sa a, Eza 8.22 y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la.

Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move.

Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun.

Nyaj nwa bouche toupatou nan syèl la!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help