1Yon pitit gason ki gen bon konprann ap Yon moun rich sèvi ak lajan l pou l sove lavi l. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l.
9Moun Jòb 18.5; 29.3 k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri.
10Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
11Lajan Pwo 20.21; 21.6 ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
12Lè Pwo 3.18 ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.
13Lè Nonb 15.31; 2 Kwo 36.16 ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo.
14Sa Pwo 10.11; 14.27 moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.
15Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.
16Tout Pwo 15.2; 18.2; Ekl 10.3 moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt.
17Yon Pwo 25.13 move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.
18Yon Pwo 15.5,32 moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo.
19Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an.
20Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
21Malè Sòm 32.10; Lik 6.38 ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.
22Yon Jòb 27.16,17; Ekl 2.26 moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
23Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l mouri grangou.
24Si Pwo 19.18; 22.15 ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l. Si ou renmen l, se pou ou korije l.
25Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.