1Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.
2Bò Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.
23Nenpòt Lev 23.29 moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li.
24Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l yo, yo tout yo te anonse tan sa a.
25Pwomès Jen 12.3; 22.18; Gal 3.8 Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l te di Abraram: Gremesi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.
26Se Tra 13.46 konsa Bondye fè sèvitè l la parèt, li voye l ban nou anvan pou l beni nou, pou l fè nou tout kite mechanste nou yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.