1Senyè a pale avè m ankò. Li di m konsa:
2— Ras Adan! Leve tèt ou gade nan direksyon Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan Tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo!
3W'a voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo.
22Bon! Eze 4.2 Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranble nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l toupatou.
23Moun Eze 17.13,20 lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l. Men, mesay w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye.
24Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.
25Kanta Eze 17.19; 35.5 pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, kriminèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.
26Se Eze 17.24; Lik 1.52 mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe.
27Kraze, Jen 49.10; Zak 6.12,13 kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l m'ap lage l.
Chatiman moun peyi Amon yo28— Ras Adan! Bay mesaj la! Pale. Men sa Senyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa:
Nepe a, nepe a pare pou touye!
Li byen file pou depatcha.
Li byen netwaye pou fè li fè zèklè.
29Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.
30Remete Eze 21.5 nepe a nan djenn li. Mwen pral jije ou kote yo te kreye ou la, nan peyi kote ou te fèt la.
31M'ap Eze 22.20,21 fè ou santi jan m move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun.
32Dife Eze 25.10 pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pèsonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki pale.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.