1Men ou menm, Bondye nou, ou bon, ou toujou kenbe pawòl ou, ou pa fè kòlè fasil, lèfini ou gouvènen tout bagay avèk bon kè.
2Si nou ta rive fè peche, n'ap toujou moun ou, paske nou konnen jan ou gen pouvwa. Men, paske nou konnen se moun ou nou ye, nou p'ap fè peche.
3Lè yon moun konnen kimoun ou ye, sa ap fè l mache dwat nèt ale. Lè yon moun konnen kalite pouvwa ou genyen, li jwenn sous lavi ki p'ap janm fini an.
4Non! Nou p'ap kite bagay moun fè ak ladrès nan mechanste yo fè nou pèdi tèt nou, ni nou p'ap kite travay bòs pent k'ap badijonnen estati ak tout kalite koulè yo, travay ki p'ap bay anyen yo, pran tèt nou.
5Lè moun fou wè bagay sa yo, sa fè tout san nan kò yo mache, sa fè yo anvi achte yon estati ki pa gen lavi tou.
6Ni moun ki fè estati sa yo, ni moun k'ap anvi genyen yo, ni moun k'ap fè sèvis pou yo, se yon bann moun ki renmen sa ki mal. Lè yo mete espwa yo nan bagay konsa, yo merite nepòt sa ki rive yo.
Sèvis zidòl se bagay moun fou7Pran yon moun k'ap fè krich. Li pran tè ajil la, li fè yon pat avè l, li bat li ak men l, lèfini li pran san l pou li ba li fòm veso moun bezwen pou sèvis yo. Avèk menm tè ajil la, li fè bagay ki pou sèvi nan bon kondisyon ak bagay ki pou sèvi nan move kondisyon. Men, se bòs atizan seramik la ki pou deside nan ki kondisyon pou yo sèvi ak tou de kalite bagay sa yo.
8Apre sa, li gaspiye fòs kouray li ap travay menm tè ajil la, pou fè fòm yon zidòl ki pa vo anyen, li menm ki pa gen lontan depi li sòti nan latè, epi ki pa gen lontan ankò anvan pou l tounen nan latè kote yo te pran l lan, lè Bondye va mande l pou l renmèt nanm yo te prete l la.
9Wi, pase pou li chonje jan li pa gen lontan ankò anvan pou l mouri, jan lavi li kout, l'ap chache koresponn ak bòs òfèv yo ansanm ak moun k'ap travay ajan yo. L'ap fè tankou moun k'ap pran kwiv pou fè bijou. Pi gwo lògèy li se pou li fè pòtre fo bondye.
10Kè li se sann dife. Li mete espwa li nan bagay ki vo mwens pase pousyè latè. Lavi li pi mizerab pase tè ajil la,
11paske li pa janm vle rekonèt moun ki te ba l fòm li nan labou a, moun ki te soufle yon nanm nan li pou li te ka travay, moun ki te ba li souf lavi a.
12Li pran lavi tankou yon jwèt timoun, tankou yon mache kote moun ka fè benefis. Li kwè moun ka fè nepòt bagay, menm sa ki mal, pou l ka fè lajan.
13Wi, moun sa a k'ap sèvi ak menm tè ajil la pou li fè ni veso ki pa twò solid yo ni estati zidòl yo, li konnen pi byen pase tout moun sa l'ap fè a se peche.
Sa ki chatiman pou moun Lejip yo se benediksyon pou pèp Bondye a14Men, moun ki te pi fou yo, moun ki te pi malere pase nanm timoun piti yo, se lènmi ki t'ap toupizi pèp ou a.
15Yo te konprann zidòl tout lòt nasyon yo te bondye, atout zidòl sa yo pa ka wè nan je yo, atout yo pa ka pran souf nan nen yo, atout yo pa ka tande nan zòrèy yo, atout yo pa ka santi anyen ak dwèt yo, atout yo pa ka mache sou pye yo.
16Se yon moun ki gen yon lespri prete nan li ki fè yo. Pa gen moun ki ka rive fè yon bondye ki pou sanble avè l.
17Tout moun gen pou mouri. Men, tou sa yon moun fè nan mechanste li ak men li yo, yo fèt tou mouri. Konsa, li vo plis pase sa l'ap sèvi a. Tout jan, li menm li gen lavi, men zidòl yo pa janm gen lavi.
18Se konsa moun peyi Lejip yo fè sèvis pou bèt ki pi degoutan yo. Sa ki pi rèd, bèt y'ap adore yo se yo ki pi sòt nan tout bèt sou latè.
19Yo lèd konsa! Lè ou gade yo, pa gen anyen la a ki pou ta fè ou anvi yo tankou yo anvi lòt bèt yo. Bondye ki Bondye pa fè lwanj pou yo, ni li pa beni yo tankou li fè l pou lòt bèt yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.