1Apre sa, Bondye di Moyiz:
— Moute sou mòn nan bò kote mwen ansanm Egz 6.23; Nonb 11.16 ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese byen ba pou nou adore mwen.
2Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, la vin bò kote m. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo.
3Moyiz Egz 19.8; 21.1 ale, li rapòte bay pèp la tou sa Senyè a te di l yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm:
— N'a fè tou sa Senyè a di nou fè.
4Moyiz Jen 28.18; 31.45; Det 31.9 ekri tou sa Senyè a te di l yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lotèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo wòch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.
5Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Senyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Senyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Senyè a mèsi.
6Moyiz Eb 9.18 pran mwatye nan san an, li mete l nan ganmèl. Lòt mwatye a, li vide l sou lotèl la.
7Lèfini, li pran liv kontra a, li li l pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di:
— N'a fè tou sa Senyè a mande nou fè, n'a obeyi l.
8Lè Mat 26.28; Mak 14.24; Eb 9.19,20; 1 Pyè 1.2 sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l sou pèp la, li di:
— San sa a sèvi pou siyen kontra Senyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo.
9Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la.
10Yo Jen 32.30; Egz 3.6; 33.20,23; Eza 6.1,5; Eze 1.26; 10.1; Jan 1.18; 1 Tim 6.16; 1 Jan 4.12 te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l, te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nyaj menm ladan li.
11Senyè a pat fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè.
Moyiz sou mòn Sinayi12Senyè a Egz 31.18; 32.15,16; Det 9.10,11; 2 Kor 3.3 di Moyiz konsa:
— Moute sou mòn lan bò kote m. Rete la. M'a ba ou de wòch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.
13Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.
14Anvan Moyiz te ale, li di chèf fanmi yo:
— Rete tann nou isit la jouk nou tounen. Men Arawon ak Our ap rete ak nou. Si yon moun bezwen regle yon pwoblèm, li mèt al jwenn yo.
15Moyiz Egz 19.9,16; Mat 17.5 moute sou mòn lan, epi nyaj kouvri mòn lan nèt.
16Pouvwa Egz 16.10; Nonb 14.10; 16.42 Senyè a desann sou mòn Sinayi a. Nyaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Senyè a rete nan nyaj la, li rele Moyiz.
17Pou Egz 3.2; Det 4.36; Eb 12.18,29 moun pèp Izrayèl yo menm, prezans pisans Senyè a te parèt sou yon dife sou mòn lan.
18Moyiz Egz 34.28 antre nan mitan nyaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.