1Pitit mwen, si ou fè yon bagay ki mal, pa rekonmanse ankò.
Lapriyè mande padon pou sa ou fè deja ki mal.
2Kouri pou peche menm jan ou ta kouri pou move sèpan.
Si ou pwoche twò pre l, l'ap mòde ou.
Kwòk dan li yo tankou kwòk dan lyon: y'ap touye moun.
3Tou sa ou fè ki dezobeyi lalwa, se tankou yon kouto de bò kap blese ou:
Ou p'ap janm jwenn gerizon.
4Kraponnay ak mechanste ap fè moun gaspiye richès yo.
Konsa, kay moun awogan yo ap fini nèt.
5Lè moun pòv ap lapriyè, Bondye tande yo.
Li prese ba yo sa yo mande a.
6Moun ki pa renmen moun rale zòrèy yo ap mache nan chemen fè sa ki mal.
Moun ki gen krentif pou Granmèt la ap tounen vin jwenn Bondye ak tout kè yo.
7Moun k'ap mache fè bèl diskou, tout moun konnen yo.
Men, moun ki konn kalkile konnen lè y'ap di betiz.
8Lè ou bati kay ou ak lajan prete,
se tankou wòch w'ap pare mete la pou tonm ou.
9Moun k'ap fè bann pou fè sa ki mal, se tankou yon pil letouf yo ye.
Se nan flanm dife y'ap fini.
10Chemen moun k'ap fè peche yo byen plat, san wòch bitay,
men yo mennen tou drèt nan peyi kote mò yo ye a.
Moun ki gen bon konprann ak moun sòt11Moun k'ap fè sa lalwa Bondye mande l fè a ap kontwole lanvi li gen nan kò li.
Lè yon moun gen krentif nèt ale pou Granmèt la, se sa yo rele gen bon konprann.
12Gen moun ki pa ka aprann anyen paske yo pa gen don pou sa.
Men, gen don tou ki bay gwo lapenn.
13Moun ki gen bon konprann, se yon min konesans yo ye.
Konsèy yo bay, se tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
14Tèt yon moun sòt, se tankou yon veso ki gen yon twou ladan l.
Anvan l konnen yon bagay, li gentan bliye l.
15Si yon nonm eklere tande yon pawòl bon konprann, l'ap fè tèt li travay,
l'ap jwenn lòt bon lide pou mete sou li.
Kite se yon nèg sòt ki tande l, li p'ap okipe sa.
Talè li pa gentan bliye l!
16Lè w'ap koute yon moun sòt k'ap pale, se tankou yon chay w'ap pote antan w'ap vwayaje apye.
Men, se yon plezi pou ou tande sa yon moun ki gen bon konprann ap di.
17Lè moun reyini, y'ap tann konsa lè moun ki gen lespri a pran lapawòl.
Lè konsa tout moun ap kalkile sou sa li di.
18Pou yon moun sòt, bon konprann tankou yon kay ki fin kraze.
Tou sa li konn pou l di se pawòl san sans.
19Pou moun sòt, disiplin se tankou antrav yo mete nan pye yo,
se tankou kòd ki mare men yo.
20Moun sòt la rete konsa l'ap ri byen fò.
Men, moun ki gen konprann lan ap fè yon ti ri tou dousman.
21Pou moun ki gen konprann, disiplin se tankou yon bèl bijou lò,
yon brasle li pote nan bra dwat li.
22Moun sòt ap kouri antre lakay moun.
Men, moun ki gen esperyans ap tann yo vin louvri pou li.
23Moun sòt ap louvri pòt la pou l wè sa k'ap pase anndan kay moun.
Men, moun ki gen bon lizay la ap rete deyò ap tann.
24Se maledve pou moun rete bò pòt ap koute.
Moun ki gen konprann ap wont fè bagay konsa.
25Moun ki alèlè, se pawòl yo pran nan bouch lòt moun y'ap mache repete.
Moun ki gen bon konprann ap peze pawòl yo byen peze anvan yo pale.
26Moun sòt ap di tou sa ki pase nan tèt yo.
Moun lespri kalkile anvan yo pale.
27Lè yon moun ki p'ap sèvi Bondye ap bay lènmi li madichon,
se pwòp tèt li li madichonnen.
28Moun k'ap pale moun mal, se pwòp tèt yo y'ap fè mal.
Yo fè tout moun ki bò kote yo rayi yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.