2 Pyè 2 - 1998 Haitian Creole

Moun k'ap bay manti yo

1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Mat 24.11; 1 Tim 4.1; Det 13.1; Jid 4 Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk dirèktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.

2Anpil Eza 52.5 moun pral kopye sou lavi imoral y'ap mennen. Konsa y'ap lakòz moun ap di vye pawòl sou laverite a.

3Nan Wòm 16.18; 2 Kor 9.5; 1 Tes 2.5 kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.

4Bondye Jen 6.1; Jid 6 pa te fè pa zanj ki te peche yo. Li te lage yo nan touman. Li mete yo nan fènwè a. Y'ap rete la pou tann jijman.

5Bondye 2 Pyè 3.6; Jen 8.18 pat fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noye, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.

6Li Jen 19.24; Jid 7 te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo.

7Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l te wè move bagay mechan yo t'ap fè.

8Paske, Eze 9.4 nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye.

9Konsa, 1 Kor 10.13; Rev 3.10; Jid 6 Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an,

10sitou Jid 7,8,16 moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a.

Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal.

11Menm Jid 9 zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye.

12Mesye Jid 10 sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt.

13Yo Jid 12 gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt.

14Je yo kale sou tout fanm. Yo chita ap benyen nan peche. Yo pran tèt moun ti lòlòj yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan pase yo konsa. Se moun ki anba madichon.

15Yo Nonb 22.7; Rev 2.14; Jid 11 kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan.

16Men, Nonb 22.28 yo te kouri dèyè l pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou.

17Moun Jid 12,13 sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nyaj gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.

18Y'ap Jid 6 pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fenk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.

19Yo Jan 8.34; Wòm 6.16 pwomèt y'ap ba yo libète. Men, yo menm se esklav movèz vi a yo ye. Paske, yon moun esklav tout bagay ki donminen sou li.

20Moun Mat 12.45 ki rive konnen Jezikri tankou Senyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l te ye anvan an.

21Sa Lik 12.47,48; Jid 3 ta pi bon pou li si l pat janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a.

22Sa Pwo 26.11 ki rive yo a moutre sa pwovèb la di a se vre: Chen an tounen vin manje sa li te vonmi an. Lave manman kochon, l'al woule nan labou ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help