Ezekyèl 45 - 1998 Haitian Creole

Pòsyon tè Senyè a(Ezekyèl 48.9-20)

1Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak Tout zòn lan va rete apa nèt pou Senyè a.

2Sou

6Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete.

Pòsyon tè wa a(Ezekyèl 48.21-22)

7Y'a Eze 44.3 wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Senyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agòch pòsyon tè Senyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la.

8Se Eze 22.27; 46.18; 47.13 pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l pa l. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la.

Regleman pou wa a

9Senyè Jer 22.3; Eze 44.6 sèl Mèt la pale ankò, li di konsa:

— Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di nou sa.

10Se Lev 19.36 pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou.

11Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat.

12Pou Egz 30.13 pwa yo, n'a gen ven gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina.

13Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte.

14Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon ome, osinon pou yon kò.

15Pou Lev 1.4 mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan (200) mouton yon fanmi genyen.

Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a.

16Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la.

17Se 2 Kwo 30.24; 35.7 devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.

Jou fèt yo(Egzòd 12.1-20; Levitik 23.33-43)

18Senyè Lev 16.16; Eb 9.22 sèl Mèt la pale ankò, li di konsa:

— Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san okenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.

19Prèt Egz 12.7; Eze 43.4,5,20 la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an.

20Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.

21Sou Egz 12.14,18; Lev 23.5,6 katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven.

22Sou Lev 4.14 premye jou fèt la, wa a gen pou l ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l yo ak pou peche tout pèp la.

23Chak Lev 23.8; Nonb 28.15 jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san okenn enfimite pou yo boule nèt pou Senyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.

24Pou Lev 2.1 chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv.

25Pou Lev 23.34-36 fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help