2 Kwonik 27 - 1998 Haitian Creole

Jotam, wa peyi Jida(2 Wa 15.32-38)

1Jotam te gen vennsenkan lè li moute 2 Wa 15.33-35 wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.

2Jotam 2 Kwo 26.16 te fè sa ki dwat devan Senyè a, tankou Ozyas, papa l, te fè. Tansèlman, li pat janm mete pwent pye l nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.

3Se 2 Kwo 33.14; Ney 3.26,27 Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Senyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.

4Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.

5Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (3.300) kilo ajan, senkantmil (50.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.

6Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Senyè a, Bondye li a.

7Tout 2 Wa 15.36 rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo.

8Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan.

9Lè 2 Wa 15.38 Jotam mouri, yo antere l nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help