1Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Mowab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.
14Wa Li boule estati Achera a.
16 Lèfini, 1 Wa 13.2 Jozyas voye je l sou ti mòn lan, li wè yon bann tonm. Li fè detere zosman yo pou boule yo sou lotèl la. Se konsa li gate lotèl la, jan Senyè a te fè pwofèt la di l la lè Jewoboram te kanpe bò lotèl la pandan fèt la. Apre sa, Jozyas voye je l gade ankò, li wè tonm pwofèt ki te fè konnen bagay sa yo gen pou rive a.
17Li 1 Wa 13.1,30 mande:
— Ki gwo tonm mwen wè laba a:
Moun Betèl yo reponn:
— Se tonm pwofèt ki te sòti peyi Jida vin fè nou konnen sa monwa t'ap vin fè lotèl Betèl la.
18Jozyas 1 Wa 13.11,31 di:
— Bon. Kite l jan li ye a! Piga pèsonn manyen zosman li yo.
Se konsa yo respekte zosman li yo ansanm ak zosman pwofèt ki te sòti lavil Samari a.
19Nan 2 Kwo 34.6,7 tout lavil peyi Izrayèl yo, wa Jozyas demoli tout kay zidòl wa peyi Izrayèl yo te fè bati epi ki te lakòz Senyè a te fache anpil. Li fè yo tou sa li te fè tanp zidòl lavil Betèl yo.
20Li Egz 22.20; 1 Wa 18.40; 2 Wa 11.18; 2 Kwo 34.5 mete men sou tout prèt zidòl li te jwenn la yo, li touye yo sou lotèl yo. Lèfini, li boule zosman moun sou yo. Apre sa, li tounen tounen l lavil Jerizalèm.
Jozyas fete fèt Delivrans lan(2 Kwonik 35.1-19)21Wa Egz 12.3-11; Nonb 9.2-4; Det 16.2-8; 2 Kwo 35.1-17 Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Senyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a.
22Yo 2 Kwo 35.18,19 pat janm fete fèt Delivrans lan konsa depi lè jij-chèf yo t'ap gouvènen peyi a, ni pandan reny tout wa peyi Izrayèl yo ak tout wa peyi Jida yo.
23Se sèlman sou reny wa Jozyas yo fete fèt Delivrans lan konsa lavil Jerizalèm pou Senyè a. Lè sa a, wa a t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen peyi a.
24Jozyas Jen 31.19; Lev 19.31; 20.27; Det 18.11; 2 Wa 21.6; 22.8 fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Senyè a.
25Ni Det 6.5; 2 Wa 18.5 anvan l, ni apre l, pat janm gen yon wa tankou l ki te sèvi Senyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouray li, jan lalwa Moyiz mande l la.
26Men 2 Wa 21.11; 24.3,4; Jer 15.4 malgre sa, Senyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l te fè a.
27Se 1 Wa 8.29; 2 Wa 17.18,20; 18.11; 21.13 poutèt sa, Senyè a di:
— Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m menm jan m te fè l pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m pral voye l jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.
Lanmò Jozyas(2 Kwonik 35.20-27)28Tout 2 Kwo 35.26,27 rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo.
29Se Jij 5.19; 2 Wa 9.27,28; 2 Kwo 35.20-24 sou Jer 46.2 reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l'al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas sòti al kontre l pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l, li touye l.
30Ofisye 2 Kwo 36.1-4 lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l sou yon cha sòti Megido, yo mennen l lavil Jerizalèm kote yo antere l nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l apa devan Bondye pou l sèvi wa nan plas papa l.
Joakaz, wa peyi Jida(2 Kwonik 36.1-4)31Joakaz 2 Wa 24.18; 1 Kwo 3.15; Jer 22.11 te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.
32Men li fè sa ki mal nan je Senyè a tankou zansèt li yo.
33Farawon 2 Wa 25.6,20,21 Neko fèmen l nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm ankò. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (7.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.
34Apre 2 Wa 24.17; Jer 22.11,12; Eze 19.3,4; Da 1.7 sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l wa nan plas papa l. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri.
Jojakim, wa peyi Jida(2 Kwonik 36.5-8)35Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a.
36Jojakim 2 Kwo 36.5 te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan onzan. Manman l te rele Zebida. Se te pitit fi Pedaja, moun lavil Wouma.
37Men li fè sa ki mal nan je Senyè a tankou zansèt li yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.