1Se Bon Konprann ki te pwoteje sila ki papa tout moun sou latè,
premye nonm Bondye te fè ak men li an,
paske nonm sa a te pou kont li, lè Bondye te kreye l la.
Se li menm Bon Konprann ki wete l nan twou kote peche l te fè a te fè l tonbe a.
2Li ba li fòs pouvwa pou l donminen sou tout bagay.
Kayen vire do bay Bon Konprann3Men, te gen yon nonm ki pa t'ap mache dwat,
li fè kòlè, li vire do bay Bon Konprann.
Se konsa, nan kòlè li, li touye frè li.
Sa lakòz li menm tou li peri.
Bon Konprann pwoteje Noe4Se poutèt peche sa a dlo te moute kouvri tè a,
men, se Bon Konprann ki te delivre l.
Li dirije moun ki t'ap mache dwat la,
li mete l nan yon batiman bwa san valè.
Bon Konprann ede Abraram5Lè tout nasyon sou latè yo te mete tèt yo ansanm pou fè sa ki mal, Bondye te mele yo.
Se Bon Konprann ki te rekonèt yon nonm ki t'ap mache dwat,
li ede l kenbe inonsans li devan Bondye.
Li ba li fòs kouray pou li fè sa Bondye te mande l fè a,
atout li te renmen pitit gason l lan anpil.
Bon Konprann sove Lòt6Se li menm ankò ki te delivre moun ki mache dwat la,
lè yo t'ap detwi moun ki te vire do bay Bondye yo.
Nonm sa a kouri chape anba dife ki t'ap tonbe sou senk lavil yo.
7Jouk kounyeya ou ka wè mak mechanste yo:
Tè a rete san yon pyebwa ladan l, l'ap bay lafimen toujou.
Ti pyebwa yo donnen, men donn yo pa janm rive mi.
Lèfini, gen yon poto sèl ki kanpe tankou yon moniman
pou fè nou chonje moun ki pa te kwè a.
8Wi, moun ki te rete nan lavil sa yo te kite chemen Bon Konprann lan.
Premye malè yo, se konnen yo pa te konnen sa ki byen ak sa ki mal.
Lèfini, yo kite sou latè yon moniman pou fè nou chonje jan yo te sòt.
Konsa, moun pa ka pa konnen sa ki te lakòz yo fini konsa a. Bon Konprann pwoteje Jakòb
9Men, Bon Konprann te delivre moun ki te kenbe fèm nan sèvis yo
pou tout lapenn yo te bay kò yo.
10Se konsa li te pran men moun ki t'ap mache dwat la
epi ki t'ap kouri chape anba men frè li ki te fache sou li a.
Li mennen l nan bon chemen an.
Li moutre l peyi kote Bondye wa a.
Li fè l konnen tout bagay ki gen rapò ak Bondye.
Li fè tou sa l'ap fè mache byen,
li fè tout travay li rapòte l anpil.
11Lè lòt moun te anvye sò li jouk pou yo ta peze l,
li kanpe la avè l, li fè l vin rich.
12Li pwoteje l anba men lènmi l yo,
li delivre l anba men moun ki t'ap pare pèlen pou li yo.
Li fè l genyen gwo batay la
pou l te ka rive konnen pa gen anyen ki bay moun plis fòs pase sèvis Bondye.
Bon Konprann delivre Jozèf13Yon lè, yo te vann yon moun ki mache dwat,
Bon Konprann pa lage l,
li pa kite l tonbe nan peche.
14Li desann ansanm avè l nan pi a.
Li pa lage l lè l te nan prizon.
Li kenbe la avè l jouk li mete baton kòmandman an nan men l,
jouk li mete l chèf sou tèt moun ki pa te vle wè l yo,
jouk li demanti moun ki t'ap pale l mal yo,
jouk li ba li yon bèl non ki la pou tout tan.
Bon Konprann fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip15Se li menm Bon Konprann ki delivre yon pèp Bondye te mete apa pou li,
yon ras ki t'ap viv san repwòch, anba men yon nasyon ki t'ap toupizi yo.
16Li antre nan nanm yon sèvitè Granmèt la.
Li fè l kenbe tèt ak yon bann wa moun te pè anpil,
li fè l fè anpil mirak ak anpil mèvèy.
17Li renmèt moun k'ap sèvi Bondye yo sa yo merite pou tout lapenn yo te soufri yo.
Li mennen yo sou yon bèl chemen plen mèvèy.
Lajounen, li te pwoteje yo,
lannwit, li te klere tankou gwo zetwal pou yo.
18Li fè yo travèse lanmè Wouj la,
li fè yo mache nan mitan gwo dlo yo.
19Men, li neye tout lènmi yo,
li jete yo nan fon gwo lanmè a.
20Se konsa moun ki mache dwat yo pran tou sa moun ki p'ap sèvi Bondye yo te genyen.
Granmèt o! yo chante chante pou fè lwanj non ou ki yon non apa.
Ansanm ansanm yo chante pou di ou mèsi pou jan ou te delivre yo avèk fòs kouray ou.
21Paske Bon Konprann louvri bouch bèbè yo,
li lage lang timoun ki fenk fèt yo pou yo ka pale klè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.