1Salomon, pitit wa David, kote yo konn fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, kote Tant Randevwa a te ye a, li tounen lavil Jerizalèm. Se la li gouvenen pèp Izrayèl la.
14Li 1 Wa 10.26-29; 2 Kwo 9.25-28 te sanble milkatsan (1.400) cha lagè ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye li yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati espre pou yo. Rès yo, li mete yo toupre l lavil Jerizalèm.
15Pandan tout reny li, lajan ak lò te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa ankantite tankou sikomò nan fore plenn Jida yo.
16Chwal Salomon yo te sòti nan peyi Moukri ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l ki te konn al achte chwal yo la pou li.
17Chak cha lagè yo te achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.