1Apre sa, m wè yon lòt siy nan syèl la. Li te gwo anpil epi li te fè moun sezi. Se te sèt anj ki responsab pou sèt gwo kalamite. Kalamite sa yo, se yo ki dènye. Se avèk yo kòlè Bondye a ap fin i.
2Apre sa, m wè yon lanmè ki sanble yon bagay ki fèt ak kristal mele ak dife. M wè moun yo ki te ranpòte laviktwa nan batay ak bèt la, ak zidòl li a ak nimewo ki reprezante non li a. Yo kanpe sou lanmè an kristal la epi yo kenbe gita Bondye yo nan men yo.
3Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:
“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
4Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
paske jijman ou fè yo dwat.”
5Apre sa, m gade, m wè tanp lan louvri nan syèl la, kote ki apa pou Bondye a.
6Epi sèt anj ki responsab sèt kalamite yo soti. Yo te abiye ak yon bèl twal blan ki t ap klere anpil. Sentiwon yo te fèt ak lò.
7Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt anj yo sèt koup ki fèt ak lò ki plen ak kòlè Bondye k ap viv pou tout tan an.
8Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.