1Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?
2Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l.
3Nou kòmanse viv nouvo lavi a dapre Sentespri a. Kòman nou fè panse nou ka vin pafè nèt avèk yon bagay san fòs kon sa tankou sikonsizyon?
4Èske nou te fè tout eksperyans sa yo pou granmesi? Mwen panse se pa t pou granmesi.
5Bondye ki te ba nou Sentespri a epi ki te fè tout mirak sa yo nan mitan nou, èske li te fè sa paske nou te fè sa lalwa mande, oubyen paske nou te kwè nan mesaj nou te tande a?
6Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li.
12Lavi ki baze sou lalwa a pa menm ditou ak sa k baze sou lafwa a. Bib la di pito: “Sèl fason yon moun ka gen lavi pa mwayen lalwa, se nan obeyi tout sa lalwa mande.”
13Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa, moun sa a anba malediksyon”.Bi Lalwa Moyiz la
21Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye.
22Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris, li menm ki fidèl.
23Anvan lafwa te vini, nou te plase anba siveyans lalwa, se kòmsi nou te prizonye jouktan Bondye te fè nou wè lafwa ki te gen pou vini an.
24Konsa, lalwa te tankou yon gadò pou nou jouktan Kris vini pou Bondye te ka deklare nou dwat devan l dapre lafwa nou.
25Kounye a, lafwa vini, nou pa anba siveyans lalwa a ankò.
26Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris.
27Nou tout ki te batize nan Kris nou te abiye ak Kris.
28Pa gen diferans ankò ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif. Pa gen diferans ankò ant moun ki esklav ak moun ki lib. Pa gen diferans ankò ant gason ak fanm. Mwen di sa, paske nou tout nou se yon sèl fanmi an nan Jezikris.
29Poutèt nou se moun pa Kris, nou se desandans Abraram. Nou se eritye dapre pwomès la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.