Mat 4 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Satan tante Jezi(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)

1Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l.

2Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou.

3Lè sa a, dyab la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”

4Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”

5Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan.

6Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:

L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.

Epi y ap pote w nan men yo,

pou pye w pa frape nan wòch.”

7Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.

17Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”

Jezi chwazi kèk disip(Mak 1:16-20; Lik 5:1-11)

18Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye.

19Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.”

20La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

21Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li.

22San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.

Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun(Lik 6:17-19)

23Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.

24Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.

25Anpil moun te sòti toupatou pou vin swiv Jezi: te gen moun Galile, te gen moun Dekapolis, te gen moun Jerizalèm, te gen moun ki sòti nan Jide, menm te gen moun ki sòti nan zòn lòt bò rivyè Jouden an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help