Jonas 3 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Obeyisans Jonas

1Lè sa a, SENYÈ a pale ankò ak Jonas yon fwa ankò, li di l:

2“Leve, ale Niniv, gran vil la, epi bay mesaj mwen ba ou a.”

3Fwa sa a, Jonas obeyi SENYÈ a. Li ale Niniv, jan Bondye mande l la. Niniv te yon vil ki laj anpil. Yon moun t ap bezwen twa jou pou l ta mache non tout vil sa a.

4Jonas te antre nan vil la. Apre li mache tout yon jounen, li kòmanse pale ak pèp la konsa: “Nan karant (40) jou, lavil Niniv pral detwi.”

Repantans pèp Niniv la

5Tande pèp Niniv la te tande mesaj la, yo kwè nan pawòl Bondye a. Tout moun, grannèg kou malere, deside pou pa manje anyen. Yo mete rad dèy sou yo.

6Lè wa Niniv la tande sa, li kite twòn li. Li wete bèl rad wayal ki te sou li a, li mete yon rad sak sou li, epi li chita nan sann dife.

7Apre sa, wa a ansanm ak tout lòt gwo chèf ki nan vil Niniv la ekri yon kominike, yo voye l nan tout peyi a. Yo pase lòd sa pou tout moun respekte:

“Se pou okenn moun ni okenn bèt vivan tankou bèf, kabrit ak mouton pa ni manje ni bwè.

8Tout moun ak tout zannimo dwe mete rad dèy sou yo. Yo dwe rele kriye ak tout fòs devan Bondye. Yo dwe kite move fason yo konn trete pwochen yo. Se pou yo sispann vyolans y ap komèt nan mitan yo.

9Petèt, Bondye va chanje lide. Li p ap fache kont nou ankò. Konsa, nou p ap mouri.”

10Lè Bondye wè tout efò yo fè pou kite move zak yo t ap fè yo, li chanje lide l. Li pa detwi pèp la ankò paske li gen pitye pou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help