1Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.
2Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès.
3Jezi reponn yo: “Kisa Moyiz kòmande nou pou n fè?”
4Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.”
5Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a.
6Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye?
20Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.”
21Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”
22Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès.
23Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.”
24Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a!
25L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”
27Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”
28Pyè di Jezi: “Nou te kite tout bagay pou n swiv ou.”
29Jezi di: “Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt mwen ak pou Levanjil la
30li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.”
31Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.
Jezi pale sou lanmò li ankò(Mat 20:17-19; Lik 18:31-34)32Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm.
33Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo,
34yo pral pase l nan betiz, epi yo pral krache sou li. Yo pral bat li avèk fwèt, epi y ap touye l. Men sou twa jou apre l mouri, l ap resisite.”
Jak ak Jan mande yon favè(Mat 20:20-28)35Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.”
36Jezi mande yo: “Kisa nou vle m fè?”
37Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.”
38Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Èske nou ka batize nan menm batèm avè m?”
39Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!”
Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m.
40Men kanta pou chita adwat mwen osinon agoch mwen, se pa mwen ki deside sa. Bondye te pare plas sa yo pou moun li chwazi.”
41Lè dis lòt disip yo te tande sa Jak ak Jan t al mande a, yo te fache anpil ak yo.
42Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo.
43Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou.
44Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout.
45Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”
Jezi geri yon avèg(Mat 20:29-34; Lik 18:35-43)46Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la.
47Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.”
48Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!”
49Jezi kanpe epi li di: “Rele l.”
Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.”
50Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a.
51Jezi mande nonm nan: “Kisa ou vle m fè pou ou.”
Li reponn: “Mèt, mwen vle wè ankò.”
52Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.