Rev 12 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Kw yon fi k ap akouche ak dragon an

1Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li.

2Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.

3Epi gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la: Yon gwo dragon tou wouj parèt. Li te gen sèt tèt ak dis kòn epi li te gen yon kouwòn sou chak tèt. Epi li te gen dis kòn.

4Li ranmase yon tyè nan zetwal ki nan syèl la voye sou latè ak ke li. Dragon an kanpe devan fi k ap akouche a pou l devore bebe a touswit apre akouchman an.

5Fi a fè yon pitit gason ki dwe gouvène tout nasyon sou latè ak yon baton an fè. Epi pitit la tou leve monte nan syèl al jwenn Bondye, kote twòn li ye.

6Fi a menm kouri al nan dezè a, l al nan yon plas ki te tou pare pou li. Nan plas sa a, l ap jwenn swen pou 1,260 jou.

7Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo.

8Men yo pa t gen plis fòs, kon sa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò.

9Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.

10Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:

“Kounye a, jou delivrans lan rive,

jou puisans Bondye a,

jou reny Bondye a

ansanm ak pouvwa Kris li a,

paske akizatè frè ak sè nou yo

ranvèse anba.

Se li menm ki te konn akize yo

devan Bondye lajounen kou lannuit.

11Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an

ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo.

Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp

pou ta fè yo pè lanmò.

12Syèl yo, se pou n rejwi nou

ansanm ak tout sa ki nan syèl yo!

Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a,

paske dyab la ranvèse tonbe sou nou.

Li move, li an kòlè,

paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”

13Lè dragon an wè yo ranvèse l anba sou latè, li pran rapouswiv fi ki te akouche pitit gason an.

14Men yo bay fi a de zèl gwo malfini an pou l ka vole pati ale nan dezè a, l al nan plas ki te prepare pou li a, byen lwen sèpan an. Se la yo pran swen li pandan twa zan si mwa.

15Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li vomi dlo tankou yon gwo larivyè dèyè fi a pou l te ka fini avè l.

16Men, latè pote fi a sekou, li louvri bouch li, li anglouti gwo larivyè ki te soti nan bouch dragon an.

17Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.

18Dragon an al kanpe sou sab lanmè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help