2 Jan 1 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

1Ansyen an ap salye nou.

M ap voye lèt sa a bay dam Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a ki renmen nou.

2Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan.

3Se pou gras, mizerikòd ak kè poze ki soti nan Bondye Papa a, ak nan Jezikris pitit Bondye a avè w pandan ou ap mache nan verite a ak nan lanmou.

4Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la.

5Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt.

6Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.

7Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun kon sa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la.

8Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.

9Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la.

10Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l.

11Paske yon moun ki antre nan kominyon ak yon moun kon sa vin patisipe nan move zak l ap komèt.

12Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt.

13Pitit sè w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help