Ebre 1 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Bondye pale pa mwayen Pitit la

1Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa.

2Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.

3Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.

4Sa montre aklè kijan li gen plis otorite pase zanj nan syèl la. Bondye ba l yon non ki pi siperyè pase non nenpòt zanj.

5Èske Bondye janm di yon zanj:

“Ou se Pitit mwen.

Jodi a, se mwen ki Papa w?”

Li pa janm di okenn zanj nonplis:

“M ap yon Papa pou ou

epi w ap yon Pitit pou mwen.”

6Poutan, lè Bondye te pou chwazi pou voye premye pitit gason l lan nan mond lan, li di:

“Se pou tout zanj Bondye yo adore Pitit la.”

7Men sa li di pou zanj yo:

“Li fè zanj li yo tounen van

Li fè sèvitè l yo tounen flanm dife.”

8Poutan, men sa li di pou Pitit la:

“Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite.

Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.

9Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal.

Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa,

li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”

10Men sa Bondye di ankò:

“O SENYÈ a, ou kreye latè nan kòmansman,

ou fè syèl la avèk men w.

11Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la.

Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad.

12Ou gen pou w plwaye yo tankou yon manto,

ou gen pou w chanje yo menm jan moun chanje rad.

Men ou menm, ou p ap janm chanje,

epi lavi w p ap janm fin i.”

13Bondye pa janm di okenn nan zanj yo:

“Chita adwat mwen, nan plas donè a

jouktan m va fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.”

14Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help