1Pandan Jonas te nan vant pwason an, li priye SENYÈ Bondye li a konsa:
2Mwen rele SENYÈ a pote m sekou,
paske mwen te nan gwo tray,
epi li reponn mwen.
La kote m te ye byen fon nan tonm lan.
Mwen t ap soupire pou m te jwenn sekou,
epi ou tande vwa mwen.
3Ou te jete m byen lwen anba, nan fon anba dlo yo.
Gwo kouran lanm lanmè yo te anviwonnen mwen.
Mwen desann byen fon anba lanmè a.
Gwo lanm lanmè w yo te pase sou mwen.
4Lè sa a, mwen te di nan tèt mwen:
“Ou pouse m ale lwen, kote pou ou pa wè m ak je w.”
Poutan, m ap kontinye gade nan direksyon tanp ki apa pou ou a.
5Dlo lanmè a te antoure m nèt.
Li kouvri m tèt rive jouk nan nen mwen.
Mwen pa kapab pran souf.
Mwen desann byen fon anba lanmè a.
Zèb lanmè a kouvri tout tèt mwen.
6Mwen te nan fon lanmè a,
kote mòn yo kòmanse,
nan fon kote mò yo ye a.
Mwen panse m te fèmen anba latè pou tout tan,
men, SENYÈ Bondye m nan retire m tou vivan nan tonm lan.
7Lavi m te prèske fin i,
men mwen te sonje SENYÈ a.
Priyè mwen te rive kote w,
nan tanp ki apa pou ou a, Ou tande priyè m.
8Tout moun k ap adore zidòl ki pa vo anyen yo,
yo vire do bay Bondye ki ka ede yo a.
9Men mwen menm, m ap bay ofrann pou m fè lwanj pou ou.
M ap leve vwa mwen pou m di w mèsi.
M ap kenbe sa mwen te pwomèt.
Paske se sèl SENYÈ a ki konn delivre!
10Lè sa a, SENYÈ a pale ak pwason an, epi pwason an vomi Jonas a tè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.