Mat 17 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli(Mak 9:2-13; Lik 9:28-36)

1Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi.

2Epi, devan disip yo li te kòmanse transfòme. Figi l te klere tankou solèy. Rad sou li t ap briye tankou limyè.

3Epi, men Moyiz ak Eli vin parèt devan disip yo, epi yo t ap pale avèk Jezi.

4Lè Pyè wè sa, li di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.”

5Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”

6Lè disip yo tande vwa a, yo te tèlman pè yo tonbe fas atè.

7Jezi pwoche bò kote yo, li touche yo epi li di: “Leve, nou pa bezwen pè!”

8Lè yo leve tèt yo, sèl moun yo wè devan yo se Jezi.

9Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”

10Apre sa, disip ki te avèk Jezi yo mande l: “Poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan?”

11Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan, pou li mete tout bagay nan plas yo!

12Men m pa kache pale nou, Eli vini deja. Men, poutèt yo pa t rekonèt ki lès li ye, yo te fè sa yo te vle avèk li. Pitit Lòm nan gen pou sibi menm trètman an tou.”

13Lè sa a, disip yo vin konprann li t ap pale yo sou Janbatis.

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri(Mak 9:14-29; Lik 9:37-43)

14Jezi ak disip li yo retounen vin jwenn foul la. Gen yon mesye ki mache kontre Jezi, li met ajenou nan pye l.

15Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo.

16Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa t ka fè anyen pou li.”

17Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.”

18Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri.

19Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”

20Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”

21Jezi pale sou lanmò li(Mak 9:30-32; Lik 9:43b-45)

22Pandan disip yo te reyini ansanm nan rejyon Galile a, Jezi di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.

23Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a, li gen pou l resisite.” Lè disip yo tande sa, yo te vin tris anpil.

Jezi pale sou koze peye taks

24Jezi ak disip li yo ale lavil Kapènawòm. Lè yo rive la, pèseptè k ap ranmase lajan taks pou tanp la pwoche bò kote Pyè, epi yo mande l: “Èske Mèt ou a p ap peye lajan taks tanp la?”

25Pyè reponn: “Sètènman, l ap peye l!”

Epi Pyè antre anndan kay kote Jezi te ye a. Anvan menm Pyè kòmanse pale, Jezi di li: “Lè wa sou latè fikse tout kalite taks, kilès ou panse ki gen pou peye yo, Simon, pitit wa a osinon lòt sitwayen?”

26Pyè reponn li: “Se lòt sitwayen yo ki dwe peye!” Jezi di: “Se vre, pitit wa yo pa bezwen peye anyen.”

27Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help