1Kounye a frè m ak sè m yo, mwen vle fè nou sonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an. Nou te resevwa li. Epi li sèvi fondasyon pou lavi nou.
2Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen.
3Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la.
4Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la.
5Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo.
6Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou.
7Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo.
8Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè.
9Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a.
10Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.)
11Antouka, kit se mwen ki te anonse nou mesaj bòn nouvèl la, kit se lòt apot yo, se menm mesaj la nou tout ap preche epi se ladan l, ou menm, ou te kwè.
Rezirèksyon mò yo se yon sètitid12Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo?
13Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite.
14E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis.
15Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la.
16Si moun mouri pa resisite, alò Kris la pa t resisite.
17Si Kris la pa t resisite, lafwa nou pa ta itil anyen. Nou ta toujou esklav peche nou yo.
18Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè.
19Si se sèlman pou lavi sou tè sa a nou met espwa nou nan Kris, nou se moun ki pi mizerab sou latè.
20Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite.
21Lanmò vin sou moun poutèt sa yon nonm te fè. Kounye a rezirèksyon vini gras a yon lòt nonm.
22Wi, poutèt Adan tout moun jwenn lanmò. Menm jan an tou gras a Kris la tout moun gen pou resisite.
23Men rezirèksyon an ap fèt nan yon lòd byen presi: Kris la an premye. Apre sa, sila yo ki se moun Kris la lè Kris retounen.
24Apre sa, lafen pral rive, lè Kris la va remèt wayòm nan bay Bondye Papa a, apre l va fin detwi tout chèf, tout otorite, ak tout pouvwa.
25Kris dwe renye jouktan li mete tout lènmi l yo anba pye l.
26Lanmò se dènye lènmi ki gen pou detwi.
27Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.”
33Pa twonpe tèt ou: “Move zanmi ap detwi bon abitid ou.”
34Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!
Ak ki kalite kò n ap resisite?35Men, yon moun ka mande: “Ki jan pou l ta posib pou mò yo resisite? Ak ki kalite kò?”
36Kesyon sa yo pa gen plas yo! Lè w mete yon grenn nan tè, fòk li mouri anba tè a anvan li jèmen.
37Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn.
38Men, se Bondye ki chwazi ki kalite kò l ap ba li. E li bay chak grenn pwòp kò pa li.
39Pa gen yon kalite kò ki sanble ak yon lòt. Moun gen kalite kò pa l. Bèt sovaj gen kalite kò pa yo. Zwazo gen kalite kò pa yo. Pwason gen kalite kò pa yo.
40Se menm jan an tou gen kalite kò ki fèt pou syèl, gen kalite kò ki fèt pou latè. Kalite kò ki fèt pou syèl yo gen bote pa yo. Kalite kò ki fèt pou latè yo gen bote pa yo.
41Solèy la gen kalite bote pa l. Lalin nan gen yon lòt kalite bote. Zetwal yo gen kalite bote pa yo. Menm pami zetwal yo bote youn diferan de bote yon lòt.
42Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri.
43Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè.
44Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl kon sa tou gen kò espirityèl.
45Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun ki te resevwa lavi.” an soti nan syèl.
48Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl.
49Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la.
50M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri.
51M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje.
52Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme.
53Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri.
54Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè:
“Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.
55Lanmò, kote viktwa w la?
Lanmò, kote zam ou?”
56Zam lanmò, se peche. Puisans peche soti nan lalwa.
57Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.
58Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.