Jan 21 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Jezi parèt sou sèt disip

1Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile a. Men kijan sa te pase:

2Simon Pyè, Toma yo te rele Didim nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm.

3Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”

Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.

4Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi.

5Li di yo: “Mesye m yo, nou pa gen anyen ki ka manje?”

Yo reponn li: “Non.”

6Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.

7Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a.

8Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt konsa.

9Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou.

10Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”

11Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire.

12Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a.

13Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.

14Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.

Jezi ap pale ak Pyè

15Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton m yo.”

16Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”

17Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?”

Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.”

18An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale.

19Jezi te pale kon sa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”

20Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?”

21Lè l wè li, Pyè di Jezi: “E li menm, Senyè, kisa k ap rive l?”

22Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”

23Se pawòl sa yo yo te pran pou yo fè bri kouri pami frè yo pou di disip sa a pa t ap janm mouri. Men Jezi pa t janm di li pa t ap mouri, men: “Si mwen vle l rete jouktan m vini, ki mele w.”

24Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.

25Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn apre lòt, m panse lemonn antye pa ta kapab kenbe tout liv yo ta ekri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help