Wòm 15 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

1Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi.

2Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo.

3Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.”

10Epi Bib la di ankò,

“Nou menm moun lòt nasyon yo,

se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”

11Bib la di ankò,

“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;

Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”

12Epi Ezayi di,

“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.

L ap vini pou l gouvène nasyon yo,

epi y ap mete espwa yo nan li menm.”

13Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.

Pòl ap pale sou travay li

14Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy.

15Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li,

16li fè m vin sèvitè Jezikris pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.

17M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikris.

18Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a

19ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.

20Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare.

21Men, selon sa Bib la di,

“Moun yo pa t anonse sa ap wè,

epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.”Pòl fè plan vizite Wòm

22Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.

23Depi plizyè lane, mwen te vle vizite nou. Kounye a, travay mwen fini nan zòn sa yo.

24M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.

25Kounye a, se Jerizalèm m prale, pou m al ede pèp Bondye a.

26Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo.

27Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo.

28M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a.

Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou.

29M konnen, rive m rive kote nou, m ap pote anpil benediksyon Kris pou nou.

30Frè m ak sè m yo, men sa m mande nou, se pou n ede m lite nan lapriyè n ap fè monte bò kot Bondye pou mwen, grenmesi Jezikris ak renmen Sentespri a ban nou.

31Priye pou m ka delivre anba moun Jide yo ki refize aksepte mesaj nou preche a. Priye pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè pèp Bondye a plezi tou.

32Lè sa a, si Bondye dakò avè m, m ap vin kote nou ak lajwa epi m va pran yon ti repo ansanm ak nou.

33Se pou Bondye ki bay lapè a rete avèk nou tout! Amèn.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help