Jan 12 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Yon dam fè lwanj pou Jezi(Mat 26:6-13; Mak 14:3-9)

1Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete.

2Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi.

3Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an.

4Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa:

5Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye, nou ta bay pòv yo kòb sa a?

6Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

7Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m.

8Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou, men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.”

Konplo kont Laza

9Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou.

10Chèf prèt yo te deside touye Laza tou.

11Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)

12Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm.

13Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:

“Louwanj pou SENYÈ a!

Benediksyon pou moun ki vini

nan non Senyè a,

men Wa ou la ap vini,

li monte yon jenn ti bourik.”

16Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

17Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li.

18Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè.

19Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Jezi ap pale sou lanmò ak lavi

20Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la.

21Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.”

22Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.

23Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li.

24An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil.

25Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite.

26Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.

Jezi pale sou lanmò li

27Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini.

28Papa, fè wè glwa w non!”

Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”

29Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.

30Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm.

31Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.

32Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.”

33Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.

34Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a? Ki moun Pitit Lòm nan ye?”

35Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale.

36Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, kon sa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale kon sa ak yo, li pati l al kache.

Kèk Jwif derefize kwè Jezi

37Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li

38pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:

“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?

Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”

39Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40“Li fè yo avèg

epi li fè kè yo di

pou yo pa wè nan je yo,

pou yo pa konprann nan kè yo,

pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,

pou m ta geri yo.”

41Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

42Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la.

43Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.

Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm

44Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè.

45Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan.

46Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.

47Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn.

48Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a.

49Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di.

50Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help