1Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la. Yo tout te travèse lanmè a.
2Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm anba nyaj la ak nan lanmè a.
3Yo tout te manje menm manje espirityèl la.
4Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la.
5Men anpil ladan yo pa t fè Bondye plezi. Bondye touye yo nan dezè a.
6Tout sa rive, pou nou ka pran egzanp, pou nou pa swiv move tras moun ki gen dezi pou move bagay.
7Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.” menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri.
10Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.
11Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive.
12Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe.
13Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.
14An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl.
15Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a.
16Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an. Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre?
17Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.
18Konsidere pèp Izrayèl la: lè yo manje vyann bèt ki ofri sou lotèl la kòm sakrifis, yo vin an kominyon ak lotèl la, pa vre?
19Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non!
20Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon.
21Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou.
22Èske se jalouzi nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?
Fè tout sa n ap fè pou glwa Bondye23Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi.
24Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.
25Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti.
26Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.”
27Yon moun ki pa konvèti envite w manje epi ou deside ale. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon bann kesyon. Manje tout sa yo mete devan w.
28Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l kon sa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye.
29Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m?
30Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?
31Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye.
32Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.
33Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.