Jak 2 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Renmen tout moun

1Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo.

2An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye.

3Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!”

4Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?

5Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo?

6Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre?

7Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?

8Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”

26Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help