Rev 10 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Zanj lan ak ti woulo liv la

1Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife.

2Li te kenbe yon ti liv tou louvri nan men l. Li poze pye dwat li sou lanmè a, epi pye goch li sou latè.

3Li te pran rele byen fò. Li fè bri menm jan ak yon lyon. Lè l te pran rele konsa, te gen sèt kout loray ki te fèt.

4Lè sèt kout loray yo te fin pale, m t apral ekri, men m tande yon vwa ki sot nan syèl la ki te di m konsa: “Kenbe sa sèt loray yo di a sekrè, pa ekri l.”

5Lè sa a, anj m te wè kanpe sou lanmè a ak sou latè a, li leve men dwat li an wo nan syèl la

6epi li fè sèman nan non sila a k ap viv pou tout tan an, sila a ki kreye syèl la ak tout sa ki ladan l, sila a ki kreye latè ak tout sa l gen ladan l, sila ki kreye lanmè a ak tout sa ki ladan l lan: “M sèmante, p ap gen dèle ankò!

7Lè setyèm zanj lan pral pare l pou l sonnen twonpèt li a, plan sekrè Bondye a pral akonpli nèt, nan fason l te anonse l bay sèvitè l yo, pwofèt li yo.”

8Epi vwa m te tande soti nan syèl la pale avè m ankò, li di konsa: “Al pran liv ouvè a nan men anj ki kanpe sou lanmè a ak sou latè a.”

9M ale epi m mande anj lan pou l ban m ti liv la. Li di m konsa: “Pran l epi manje l. L ap anmè anndan vant ou, men l ap kou siwo myèl nan bouch ou.”

10M pran ti liv la nan men anj lan epi m vale l. Li te dous kou siwo myèl nan mouch mwen. Men, lè m vale l, li te koupe zantray mwen ak doulè.

11Lè sa a, li di m: “Fòk ou pwofetize ankò kont anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help