Ebre 10 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Sakrifis Jezikris a sifi

1Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon.

2Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab.

3Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane,

4paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.

5Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye:

“Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann,

men, ou te prepare yon kò pou mwen.

6Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo.

Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo.

7Epi mwen di: men mwen Bondye

mwen vini pou m fè tout sa ou vle

selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.”

8Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.)

9Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra.

10Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen.

11Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche.

12Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye.

13Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li.

14Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.

15Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:

16“SENYÈ a di se pwomès sa a m ap fè

avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.

M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.

M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”

17Apre sa, li di:

“M ap pase yon trè sou peche yo.

M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”

18Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.

Pwoche bò kote Bondye

19Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a.

20Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la.

21Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a.

22Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.

23An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.

An nou motive youn lòt

24An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv.

25An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.

Pa vire do bay Jezi

26Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo.

27Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye.

28Yo te bezwen temwayaj de oubyen twa temwen sèlman pou kondane moun ki te vyole lalwa Moyiz la. Moun sa a te jwenn lanmò san okenn konpasyon.

29Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal.

30Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.”

ap viv pa lafwa.

Men mwen p ap pran plezi

nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”

39Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help