Wòm 2 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Ou pa kapab jije lòt moun yo

1Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo.

2Ou di, “Nou konnen Bondye jije tout bagay sa yo epi jijman Bondye a jis.”

3Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye?

4Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon kon sa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.

5Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li.

6“Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.” moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri.

15Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo.

16Se kon sa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikris.

Jwif yo ak Lalwa

17Ou di ou se Jwif. Ou mete konfyans ou nan Lalwa epi, ak tout fyète w, ou di w pwòch Bondye.

18Ou konnen sa Bondye vle w fè. Epi w konnen sa ki enpòtan, paske w aprann sa nan Lalwa.

19Ou panse w se yon gid pou moun ki pa wè bon chemen an, yon limyè pou sa yo ki nan fènwa.

20Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a.

21Ou anseye lòt yo, men pou kisa w pa anseye pwòp tèt pa w? Ou di yo pou yo pa vòlè, men ou menm w ap vòlè.

22Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo.

23Ou byen fyè paske w genyen Lalwa Bondye a, poutan ou fè Bondye wont nan vyole Lalwa.

24Jan Pawòl Bondye a di l la, “Moun lòt nasyon yo ap joure Bondye poutèt ou menm.”

25Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi.

26Moun ki pa Jwif yo pa sikonsi. Men si yo fè sa Lalwa mande, se kòm si yo te sikonsi.

27Yon moun ki pa sikonsi nan kò l epi ki fè sa Lalwa mande, l ap jije w, ou menm ki gen liv Lalwa yo ak sikonsizyon an, epi k ap dezobeyi Lalwa.

28Si ou Jwif sèlman nan kò fizik ou, ou pa Jwif vre. Yon sikonsizyon toutbon vre, li pa nan kò a sèlman.

29Yon Jwif toutbon vre, se yon moun ki Jwif anndan l. Yon bon sikonsizyon, se anndan kè yon moun li ye. Se Sentespri a ki fè l, se pa yon Lwa ekri ki fè sa. Epi nenpòt moun Sentespri a sikonsi nan kè l, li resevwa lwanj ki soti nan Bondye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help