1 Kor 6 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Kwayan k ap trennen lòt kwayan devan lajistis

1Lè youn nan nou gen kont ak lòt kwayan nan Kris, pouki nou trennen yo devan jij ki pa konnen Bondye olye nou regle bagay la nan kad legliz?

2Kòman nou fè pa konnen moun ki apa pou Bondye yo gen pou jije lemonn antye? Kòman fè yo gwo travay kon sa ap tann nou epi pou pa ka regle ti bagay sa yo?

3Èske nou pa konnen nou jije anj yo? Nan ka sa a, mwen pa menm bezwen pale pou ti bagay òdinè lavi chak jou.

4Donk, lè nou bezwen regle pwoblèm konsa, pa trennen yon lòt kwayan devan jij ki pa gen anyen pou wè ak legliz.

5Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou?

6Sa rèd pou wè yon kwayan an Kris ap trennen yon lòt kwayan nan tribinal devan jij ki pa kwè nan Bondye.

7Se deja yon wont pou nou youn ap fè lòt pwosè epi li t ap pi bon pou nou sipòte lenjistis. Pouki nou pa aprann di: zafè! Menmsi lòt moun vòlè afè nou?

8Poutan se nou k ap fè lòt kwayan parèy nou mal, se nou k ap vòlè.

9Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun,

10moun k ap vòlè, moun ki lanvi sou afè moun, bwasonyè, medizan, bandi, moun kon sa pa gen plas yo nan wayòm Bondye a.

11Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.

Kò nou se tanp Sentespri a

12Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav.

13Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye, epi Senyè a se pou li.

14Menm jan Bondye te sèvi ak puisans li pou l resisite Senyè a, se menm jan an tou li gen pou l resisite nou.

15Èske nou pa konnen kò nou se manm nan kò Kris? Èske m ap pran yon pati nan kò Kris pou m fè l fè youn ak yon fi movèz vi. M pa kwè m ap janm fè sa!

16Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.” Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou.

20Bondye te peye gwo pri pou nou. An nou fè lwanj pou Bondye ak kò nou.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help