1 Tim 3 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Lidè nan legliz yo

1Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè.

2Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen.

3Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan.

4Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite.

5Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?

6Li pa dwe you moun ki fenk konvèti, pou lògèy pa monte l nan tèt. Sa ta fè l tonbe anba menm kondanasyon ki rezève pou Satan.

7Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.

Lòt sèvitè ak sèvant k ap ede yo

8Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan.

9Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp.

10Se pou nou mete yo nan travay pou egzamine yo anvan. Apre sa, si nou pa gen anyen pou n repwoche yo, lè sa a, yo va sèvi kòm dyak.

11Se menm bagay pou medam yo tou. Yo dwe moun ki fè respè yo. Yo pa dwe nan pale moun mal. Yo dwe moun ki kontwole tèt yo byen, moun yo fè konfyans nan tout bagay.

12Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo.

13Moun ki fè travay yo byen, moun va onore yo. Y ap rete byen fèm nan lafwa yo nan Jezikris.

Sekrè lavi nou

14Mwen swete m pa lontan vin wè w. Men m ap ekri w sou sa kounye a

15poutèt, si m pa ta kapab vini touswit, ou va konnen kijan pou chak moun konpòte l nan fanmi Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a.

16Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte:

Nou te konnen Kris,

lè l te vin pran fòm yon moun;

Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye,

se verite a;

zanj yo te wè l.

Mesaj konsènan Jezi a te preche

pami tout nasyon yo;

Moun toupatou sou latè kwè nan li;

Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help