1Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.
2Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris.
3Se pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze.
Lafwa ak lanmou Filemon genyen4Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye,
5paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a.
6M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la.
7Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.
Aksepte Onezim tankou yon frè8Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat,
9men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la.
10Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an.
11Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil nou toulède.
12M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou.
13M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la.
14Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w.
15Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan?
16Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a.
17Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m.
18Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen.
19Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w.
20Tanpri frè m, fè sa pou mwen, paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim.
21Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.
22M ap tou pwofite di w pare yon chanm pou mwen, paske, mwen sèten Bondye ap reponn priyè nou yo, y ap lage m pou m vin jwenn nou.
Salitasyon23Epafras ki nan prizon ansanm avè m, paske l ap sèvi Jezikris, voye salye w.
24Mak, Aristak, Demas, Lik, k ap travay ansanm avè m nan lèv la, yo tout voye bonjou pou ou tou.
25Se pou Jezikris, Senyè a, vide benediksyon l sou nou tout.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.