1Antouka, pwomès Bondye te fè a toujou valab pou nou ka antre nan plas repo li a. Konsa, an nou pran anpil prekosyon pou nou pa rate pwomès sa a.
2Wi, zansèt yo te tande Bòn Nouvèl la menm jan avè nou, men li pa t itil yo anyen, paske yo pa t kwè ladan l.
3Pou nou menm ki kwè l, nou antre nan repo Bondye a. Men sa Bondye di li menm:
“Paske yo fè m fache, mwen te fè sèman:
Yo p ap antre nan plas repo m nan.”
Men, travay Bondye te rive nan bout li depi lè l fini ak kreyasyon an.
4Wi, men sa Bib la di sou setyèm jou nan semèn nan: “Bondye te repoze sou setyèm jou a apre tout travay li te fin fè.”
8Nou konnen Jozye pa t mennen pèp la nan plas repo a. Paske Bondye pale de yon lòt jou repo apre sa.
9Sa fè nou konprann gen yon setyèm jou,
10Bondye te repoze apre li te fin fè travay li. Sa vle di tou, tout moun ki antre nan repo Bondye ap gen pou yo repoze apre yo fin travay menm jan ak Bondye.
11Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.
12Pawòl Bondye vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm.
13Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.
Jezi se granprèt nou14Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi.
15Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.
16Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikris ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.