Jak 5 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Yon avètisman pou moun ki rich epi egoyis

1Kounye a, nou menm moun rich yo, fè atansyon! Leve vwa nou pou n kriye, poutèt latwoublay k ap vini sou nou!

2Richès nou yo pouri, vèmin fin manje rad nou yo.

3Lajan ak lò nou yo fin wouye. Epi se lawouy sa a ki pral temwanye kont nou. Li pral devore kò nou menm jan ak yon dife. N ap ranmase richès, poutan lemonn pral fin i!

4Nou menm rive kenbe lajan nou te dwe peye moun k ap travay nan jaden nou pou ranmase rekòt pou nou yo.

5Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.

6Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou.

Se pou n gen pasyans

7Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.

8Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini!

9Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!

10Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans.

11Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans. Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.

Atansyon ak sa w ap di

12Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w.

Pouvwa lapriyè

13Èske gen kèk nan nou ki nan soufrans? Li dwe priye. Èske gen nan nou ki gen kè l kontan? Li dwe chante.

14Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li.

15Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.

16Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans.

17Eli, se te yon nonm menm jan ak nou. Li priye mande Bondye pou lapli pa tonbe. Bondye fè lapli pa tonbe pou twa-zan-e-demi!

18Apre sa, Eli priye Bondye pou lapli tonbe. Epi syèl la bay lapli, latè donnen fè moun rekòlte manje ankò.

Ede moun yo ki peche

19Frè m ak sè m yo, si gen yon moun ki vire do l bay verite a, epi yon lòt ede l retounen,

20men sa n dwe sonje: Nenpòt moun ki retire yon pechè nan move chemen kote l te ye, se sove l sove l anba lanmò. Epi poutèt sa, se yon pakèt peche Bondye padone.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help