Ebre 3 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Moyiz pa ka rive nan pwent pye Jezi

1Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.

2Se Bondye menm ki te mete l granprèt. Li te fidèl menm jan Moyiz te fidèl nan kay Bondye a.

3Lè yon moun bati yon kay se nòmal pou moun ki bati kay la jwenn plis onè pase kay la. Se menm bagay pou Jezi ak Moyiz. Se nòmal pou Jezi gen plis onè pase Moyiz.

4Chak kay gen yon moun ki bati l, men se Bondye ki bati tout bagay.

5Moyiz se yon sèvitè ki te fidèl nan tout kay Bondye a. Li te anonse moun sa Bondye te gen pou l fè nan tan k ap vini yo.

6Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.

An n kontinye vanse pou pi devan

7Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la:

“Si w tande vwa Bondye jodi a,

8pa fè tèt rèd,

menm jan ak lè w te vire do bay Bondye,

lè w te pwovoke l nan dezè a.

9Zansèt ou yo te pwovoke m nan dezè a,

malgre yo te temwen travay m te fè pandan 40 tan.

10Konsa mwen te fache avèk yo.

Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo.

Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.

11Poutèt mwen te fache, mwen te sèmante:

Yo p ap antre nan plas repo m nan.”

12Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.

13Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”, se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.

14Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.

15Se sa menm ki fè Sentespri a di:

“Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd,

menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”

16Ki moun ki te vire do bay Bondye, apre yo te fin tande vwa li? Se pèp sa a menm Moyiz te dirije soti an Ejip la.

17Ak ki moun Bondye te fache pandan 40 tan? Se ak tout sa yo ki te tonbe nan peche epi ki mouri nan dezè a.

18Ak ki moun Bondye t ap pale lè l te fè sèman pou di yo p ap janm antre nan plas repo li a? Li t ap pale ak tout sa yo ki te dezobeyi.

19Donk, men konsta nou fè, yo pa t antre nan repo Bondye a, paske yo pa t kwè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help