1Frè m ak sè m yo, sa m ta renmen wè, bi priyè m pou pèp Izrayèl la, se pou yo tout ta rive sove.
2Men temwanyaj mwen bay pou yo: yo vrèman fè anpil efò pou ta fè sa Bondye vle, men yo pa konprann plan li.
3Yo pa konprann kisa Bondye fè pou l ka sove nou. Epi y ap eseye nan fason pa yo pou yo parèt jis devan Bondye. Konsa, yo derefize aksepte fason Bondye vle sove moun.
4Lalwa rive nan bout li ak Kris la ki akonpli tout sa Lalwa te vle. Kounye a, Bondye aksepte tout moun ki kwè nan Kris la.
5Paske, sou lajistis Lalwa bay la, men sa Moyiz ekri: “Moun ki fè sa Lalwa mande, y ap jwenn lavi ladan l.” ap sove.”
14Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche?
15Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”
16Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”
19Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:
“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
pou m fè nou fache.”
20Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:
“Moun ki jwenn mwen,
yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
pou mwen konnen m.”
21Men, sou Izrayèl, Bondye di:
“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.