1Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a:
2Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès
3pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan.
4Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo.
5Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
6Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre.
7Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”
10Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou.
11-12Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”
14Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou!
15Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”
26Epi,
“Menm kote yo te di yo:
Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”
27Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:
“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
menm jan ak sab ki bò lanmè
se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
nan yon ti tan tou kout.”
29Ezayi te gentan di tou:
“Senyè toupisan an
te kite kèk moun vivan.
Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”
30“Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”
Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikris.
31Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye.
32Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a.
33Se sa Bondye di nan Pawòl li:
“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
p ap wont.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.