2 Tes 2 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Anpil move bagay gen pou rive

1Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a.

2Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a.

3Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.

4Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.

5Nou menm Tesalonik, nou pa sonje lè mwen te avèk nou mwen t ap plede di nou tout bagay sa yo?

6Konsa, ou konnen byen kisa ki kenbe malveyan an. Li gen pou l parèt yon lè.

7Nou toujou pa konnen kilès oubyen kilè sa gen pou rive. Men gen yon bagay oubyen yon moun ki anpeche malveyan an fè sa l ta vle fè a, jouktan moun sa a oubyen bagay sa a pa la ankò.

8Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a.

9Se ak fòs Satan malveyan an ap vini. Li gen pou li vini ak anpil fòs, li gen pou li fè tout kalite mirak, demonstrasyon, gwo mèvèy.

10Li gen pou li sèvi ak tout kalite mechanste ki genyen pou li twonpe moun ki sou wout pèdisyon yo. Yo pèdi paske yo refize renmen verite a pou yo ka sove.

11Epi pou rezon sa a, Bondye ap voye yon lespri pou egare yo pi rèd, pou yo ka kwè bagay ki pa vre.

12Tout moun ki pa kwè verite a men ki pran plezi yo pito nan bagay ki mal ap jwenn kondanasyon yo.

Bondye te chwazi sove nou

13Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a.

14Se nan objektif sa a Bondye chwazi w. Bondye sèvi ak Bòn Nouvèl nou te prezante w la pou li sove ou. Li te chwazi w pou ou ka patisipe nan laglwa Jezikris, Senyè nou an.

15Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w.

16Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,

17se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help