Mat 5 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Jezi t ap anseye pèp la(Lik 6:20-23)

1Lè Jezi wè foul la, li monte sou yon mòn, li chita. Disip yo te pwoche bò kote li.

2Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:

3“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen,

paske wayòm syèl la se pou yo.

4Benediksyon pou moun

ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.

5Benediksyon pou moun ki desann tèt yo,

paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.

6Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen,

paske y ap jwenn satisfaksyon.

7Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun,

Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.

8Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp,

yo gen pou yo wè Bondye.

9Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè

y a rele yo pitit Bondye.

10Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat

paske wayòm syèl la se pou yo li ye.

11Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen.

12Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.

Sèl ak limyè latè(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)

13Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.

14Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l.

15Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la.

16Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.

Jezi ap pale de lalwa Moyiz la

17Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen.

18Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.

19Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a.

20Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.

Jezi anseye konsènan kòlè

21Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun

34Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye.

35Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a.

36Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa.

37Lè se wi ou vle di, annik di wi. Lè se non ou vle di, annik di non. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.

Jezi ap pale sou kesyon konfli(Lik 6:29-30)

38Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan. pou ede l pote chay li, fè de avè l.

42Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.

Renmen lènmi ou(Lik 6:27-28, 32-36)

43Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w. ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help