1Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm, youn nan Farizyen yo. Se te yon lidè Jwif.
2Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”
3Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”
4Nikodèm reponn: “Kòman yon nonm ki fin granmoun kapab fèt yon lòt fwa? Èske l ta kapab retounen nan vant manman l pou l ta fèt yon lòt fwa?”
5Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.
6Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti.
7Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa.
8Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”
9Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?”
10Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo?
11Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou.
12Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la?
13Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.
14Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, se kon sa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou.
15Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”
16Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.
17Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn.
18Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.
19Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal.
20Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè.
21Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.
Jezi ak Janbatis22Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun.
23Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize.
24Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon.
25Kèk nan disip Janbatis yo te nan yon diskisyon ak yon Jwif sou abitid pirifikasyon Jwif yo.
26Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.”
27Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l.
28Nou menm, nou ka sèvi m temwen, m te di se pa mwen ki Kris la. Men, Bondye voye m prepare chemen pou Kris la.
29Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan kon sa a.
30Li gen pou li vin pi enpòtan chak jou, epi mwen menm mwen gen pou m vin mwen enpòtan.Moun ki vini soti nan syèl la
31Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun.
32Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li.
33Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a.
34Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a.
35Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
36Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.