Tit 3 - New Testament: Easy-to-Read Translation(VKF)

Bon jan fason pou moun viv

1Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen.

2Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.

3Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.

4Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou

bonte l ak lanmou l pou tout moun,

5li te sove nou, paske li fè nou gras.

Se pa paske nou te fè anyen pou sa.

Li te lave peche n yo fè n vin pwòp,

li ban nou nouvo lavi

pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.

6Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans

pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.

7Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche

epi Bondye adopte nou.

Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye,

moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.

8Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.

9Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn.

10Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman, wete kò w kote moun k ap simen divizyon.

11Yon moun konsa, se yon moun ki pran move chemen, se peche l ap komèt yo menm k ap kondane l.

Dènye enstriksyon ak salitasyon

12M ap voye Atemas oubyen Tichik ba ou. Lè nenpòt nan yo rive, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen nan Nikopolis. Mwen deside se la m ap pase livè a lane sa a.

13Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo.

14Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.

15Tout moun ki isit avè m yo voye salye nou. Salye zanmi nou yo nan lafwa ki bò kote pa w yo.

Gras Bondye avèk nou tout!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help