1Sa se yon vrè pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon Trav 20:28pastè, se yon bon zèv li dezire fè a.
2Tit 3:2-4Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.
3Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e I Tim 3:8lib de lanmou lajan.
4Li dwe yon moun ki Tit 3:12jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite;
5(men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen I Kor 10:32legliz Bondye a?)
6Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la.
7Li dwe II Kor 8:21gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak II Tim 2:26pèlen Satan.
8Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp
9I Tim 1:5,19men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp.
10I Tim 5:22Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11Fanm yo dwe menm jan an, dign II Tim 3:3pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12Dyak yo dwe I Tim 3:2mari a yon sèl fanm, I Tim 3:4bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo.
13Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo Mat 25:21resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
14M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan,
15men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan Ef 2:21kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
16San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te Jn 1:14revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te Wo 16:26pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.