I Timothée 2 - Haitian Bible

1Dabò, alò, mwen ankouraje pou Ef 6:18siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun,

2Esd 6:10pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

3Sa bon e akseptab nan zye Luc 1:47Bondye, Sovè nou an,

4I Tim 4:10ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.

5Paske gen Wo 3:30yon Bondye, yon Gal 3:20medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri,

6ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan I Tim 6:15pwòp lè li a.

7Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt Ef 3:8pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.

8Konsa, mwen vle moun tout kote priye; Sòm 63:4vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.

9Menm jan an, mwen vle I Pi 3:3fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè,

10men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.

11Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.I Kor 14:34

12I Kor 14:34Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans.

13Jen 2:7,22Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve.

14Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men Jen 3:6,13fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon.

15Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan I Tim 1:14lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help