I Timothée 4 - Haitian Bible

1Men Jn 16:13Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo,

2epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin Ef 4:19make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;

3moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Jen 9:3Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.

4Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li Wo 14:6resevwa avèk remèsiman,

5paske li sanktifye pa mwayen Jen 1:25,31pawòl Bondye a ak lapriyè.

6Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou II Tim 3:10deja ap swiv yo.

7Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

Sou lòt kote, disipline tèt ou I Tim 4:8pou vi sentete a.

8Paske Kol 2:23disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou Mat 6:33lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

9 I Tim 1:15 Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun.

10Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse II Kor 1:10esperans nou sou Bondye vivan an, ki se I Tim 2:4Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.

11 I Tim 5:7 Preskri e enstwi bagay sa yo.

12Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit Tit 2:7lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm I Tim 1:14yon egzanp a sila ki kwè yo.

13Jiskaske m vini, bay enpòtans a II Tim 3:15li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

14Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk Trav 6:6men Ansyen ki te poze sou ou Trav 11:30yo.

15Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

16 Trav 20:28 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help