Galat Yo 6 - Haitian Bible

1Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki I Kor 2:15posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.

2Wo 15:1Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

3Paske Trav 5:36si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.

4Men chak moun dwe I Kor 11:28egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.

5Paske Pwov 9:12chak moun va pote pwòp chaj pa l.

6 I Kor 9:11,14 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

7Pa twonpe tèt nou; Job 13:9Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.

8Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men Wo 8:11sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.

9Annou pa I Kor 15:58dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

10Alò Pwov 3:27pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

11Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou I Kor 16:21avèk pwòp men mwen.

12Sila ki vle Mat 23:27parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.

13Paske sila ki sikonsi yo pa menm Wo 2:25kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou.

14Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e Wo 6:2,6mwen menm pou mond lan.

15Paske nan Kris Jésus, Wo 2:26,28sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.

16Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Wo 9:6Israël Bondye a.

17Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m És 44:5mak a Jésus yo.

18 Wo 16:20 Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete II Tim 4:22avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help